Web - Amazon

We provide Linux to the World


We support WINRAR [What is this] - [Download .exe file(s) for Windows]

CLASSICISTRANIERI HOME PAGE - YOUTUBE CHANNEL
SITEMAP
Audiobooks by Valerio Di Stefano: Single Download - Complete Download [TAR] [WIM] [ZIP] [RAR] - Alphabetical Download  [TAR] [WIM] [ZIP] [RAR] - Download Instructions

Make a donation: IBAN: IT36M0708677020000000008016 - BIC/SWIFT:  ICRAITRRU60 - VALERIO DI STEFANO or
Privacy Policy Cookie Policy Terms and Conditions
Jezi - Wikipedia

Jezi

From Wikipedia

Kòm pèsonaj istwa, Jezi se yon profèt jwif ki te fèt nan Bètleyèm an Izrayèl, pa yon jèn fi vièj (Mari), mande pou mariaj (avèk Jozèf). Ki mache preche tout faksion sosiete sou jistis, bon kondwit, e kijan yon moun bezwen viv, si li vle trouve gras bò kote Bondie ki nan syèl la. Menm nan regad sa, Jezi konsidere kòm youn nan pèsonn ki plis konfond envètigasion siantifik. Kòmanse pa yon nesans extraòdinè, fini pa yon lamò enkonklidan.

Li enpòtan pou di tou, Jezi pa menm pou tout moun. Malgre menm pami ateist li difisil pou w trouve yon moun ki totalman mitige signifikans lavi Jezi sou kondision imen prezan, sa Jezi signifie pou yon kwayan (jwif oubyen non-jwif), pa anyen konparab. Pou yon kretyen, wi Jezi se yon gran profèt, men li plis ke sa. Wi li se yon bon anseyan, men li plis ke sa. Li se yon gran avoka pou dwa imen, men li plis ke sa toujou. Wi li se yon liberatè fanm, men li plis ke sa toujou. Paske pou yon kretyen, Jezi divin. Non, li menm plis ke sa tou. Li se Die, Piti Bondie.

Biza w ka di. Wi, men kisa de lavi Jezi ki nòmal ? Aktièlman, pèspèktiv istorik la pa tèlman diferan konsa avèk point teologik yo. Yo menm pafra sipèpoze. Men gro diferans ekzistan nan repons teologik, ak repons istorik oubyen siantifik la : dèske gen tròp bagay ki enposib rive ansanm ki reyini yo tout ansanm nan lavi Jezi. Filozofi teologien adapte se ke, « Jezi kantmèm nan yon ran tout poutèt li. Li pa gen okenn parèy ». Kontrèman, filozofi lòm de sians lan se, « Toupandan mwen pa konplètman sèten ke kichòy ki sanble yo separe Jezi avèk lòt pèsonaj enpòtan istwa yo, mwen pa gen oken rezon pou mwen panse li anyen plis ke yon profèt kòm tout lòt profèt ».

Sitiasyon sa vin pi konplike toujou lè ou konsidere kèk nan detay biblik yo, ki fòme doktrin krisyanis. Selon la Bib, avan Jezi te mouri, li proklame jan li te gen pou mouri. Konbyen jou li te gen pou li pase pami mò yo. Ke li t’ap mache soti vivan nan simetiè. Daprè proklamasyon disip yo trouve nan Nouvo Testaman Bib, tout bagay sa yo rive ekzakteman. Ki vin fè premie disip Jezi yo eleve li pi wo ke tout profèt. Nan yon pozisyon ki rezève pou yon vrè wa dè wa, Mèt sou Lavi kòm sou lamò, pafè, konplètman jist, mesi esperans jwif yo, Jezikris, Pitit Bondie Papa ki nan syèl la. Kòm apòt Piè proklame konsène Jezi, « Ou se pitit Bondie ».

Dèske Jezi li menm prouve li venkè sou lamò, menm lamò pa-l. Premie disip sa yo kouri tout mond lan delivre Levanjil sa. Totalite-a se sa, « Pa rapò ak Jezi, lòm trouve posibilite pou yo viv etènèlman nan paradi. Men moun ki pase Jezi kòm òdinè, ki pran yon pozisyon nonchalant avè Jezikris la, riske pase etènite yo nan yon plas ki pat bati pou lè zòm. Yon plas kote dife pa jamè etèn, kote soufrans pa janm soulaje, yon lanfè ». Yon mesaj ki grandi fidèl, kote jounen jodi-a, li kòmande yon band de 2.100.000.000 (2.1 billion) kwayan.

Kèlkeswa sa w panes de Jezi, pran li kòm Jezikris, oubyen Jezi Bon Profèt. Kantmèm, lavi li afèkte direksyon istwa imen. Genyen menm ki di se li menm ki kòmanse tout bagay kòm nou rekonèt yo. O, ala ’on lavi !

Akòz de jan, Jezi te viv lavi-l sou latè, san jamè rate sou bienfè, konplètman evite mechanste, jije e kondane san rezon, krisifie, mouri, antere, e resisite endepandan entèvansyon yon lòt imen, fè Jezi jist e aseptab devan Bondye Papa kòm yon gran avoka pou lòm.

Our "Network":

Project Gutenberg
https://gutenberg.classicistranieri.com

Encyclopaedia Britannica 1911
https://encyclopaediabritannica.classicistranieri.com

Librivox Audiobooks
https://librivox.classicistranieri.com

Linux Distributions
https://old.classicistranieri.com

Magnatune (MP3 Music)
https://magnatune.classicistranieri.com

Static Wikipedia (June 2008)
https://wikipedia.classicistranieri.com

Static Wikipedia (March 2008)
https://wikipedia2007.classicistranieri.com/mar2008/

Static Wikipedia (2007)
https://wikipedia2007.classicistranieri.com

Static Wikipedia (2006)
https://wikipedia2006.classicistranieri.com

Liber Liber
https://liberliber.classicistranieri.com

ZIM Files for Kiwix
https://zim.classicistranieri.com


Other Websites:

Bach - Goldberg Variations
https://www.goldbergvariations.org

Lazarillo de Tormes
https://www.lazarillodetormes.org

Madame Bovary
https://www.madamebovary.org

Il Fu Mattia Pascal
https://www.mattiapascal.it

The Voice in the Desert
https://www.thevoiceinthedesert.org

Confessione d'un amore fascista
https://www.amorefascista.it

Malinverno
https://www.malinverno.org

Debito formativo
https://www.debitoformativo.it

Adina Spire
https://www.adinaspire.com