Nonm
From Wikipedia
Nonm se valè nimerik. Yo ekri yon nonm avèk chif yo swivan règ yo sistèm nimewotasyon.
[edit] Natirèl
0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 ... 10 11 12 ... 20 21 ..30 31 (zero, yonn, dé, twa, kat, senk, sis, sèt, yuit, nef, dis, onz, douz, trez, katoz, kenz, sèz, disèt, dizuit, diznef, ven, ventéyen, ven-dé, ven-twa, ...)
Nonm natirel sé sa nou apren konté an premyé : sé denonman, sak fè nou wè diferans ant dé objè. Lè ou pa wè piès bagay, ou rélé nonm la sa a zero ; lè ou wè yon objè, ou rélé nonm sa a "yonn", lè ou wè yon dot objè ki diféran dé premyé la, ou rélé nonm total sa a dé. Ou ap kontinyé mem jan a : zero, yonn, dé, twa, kat, senk, elatrye.
Nou rélé nonm natirel otman : nonm antyé pozitif ( wè atik nonm antyé, sé nonm natirel ak opozé li)
Senbol li sé N
[edit] Antyé
Nonm antyé sé nonm natirel ak opozé nonm natirel (nonm négatif). Nonm négatif sé oposé nonm natirel ( ou ap presizé nonm antyé pozitif pou fè diferans ant yo dé ) : 2+ (-2) = 0 i.e dé plis (mwen dé) fè zero. Li sinifyé ou dédui li dé yon kantité natirel ; (-2) sé mwen dé ou byen zero mwen dé ( 0 + (-2)= -2)
Senbol li sé : Z = N U (-N) U sinifyé Union, ou ap jouté kantité -N (mwen N) ac N pou ou fè Z